BATI YON STORE E-COMMERCE KI
KAPAB FÈ ANT 3000 A 10 000 DOLA PA MWA

Klike Pou w Kapab Gade Video A

DEKOUVRI PWOGRAM
YES YES YES FAMILY

PWOGRAM “YES YES YES FAMILY” pa sèlman yon senp pwogram, li se yon FANMI. Kontrèman ak sa yo fè nou panse, Mantalite biznisman nan pa yon konplèks ni yon pwoblèm. Se yon nesesite, se yon bagay nou dwe grandi lakay nou si nou vle fè siksè nan lavi nou. 

Lasosyete toujou vle nou ret viv nan kras, nan parès, nan lamizè. Ou dwe demake w de modèl lavi ak panse mizerab sa yo. Bay tèt ou chans pou l mennen w kote w pa t espere rive. Pwogram sa a ap pèmet ou fè sa.

BYENVINI NAN PWOGRAM YES YES YES FAMILY AN

Nou konnen anpil fwa, antreprenè yo konn santi yo pou kont yo nan kèk sitiyasyon. Se pou sa nou deside pote pou ou PWOGRAM “YES YES YES FAMILY” a ki pral tankou yon fanmi, pou ou menm antreprenè ki te anvi jwenn yon kote pou w santi w nan ben w, ak moun ki gen menm vizyon avè w. 

PWOGRAM “YES YES YES FAMILY” a se yon pwogram nou mete sou pye pou aprann ou kijan pou w fè lajan w fè lajan pou ou epi ede w aplike tout konsèy, enfòmasyon ak estrateji nou te pataje ak ou nan liv “10 mil dola Blue Print” mwen fèk soti a.  

Lèw enskri nan pwogram sa a, w ap gen chans konnen kijan w ka grandi rezo w, kijan w ka byen jere kont labank ou, kijan w ka sispann gaspiye lajan w nan bagay ki p ap itil ou anyen, kijan pou w jwenn kliyan pou biznis ou, kijan w ka monte biznis tankou AirBNB, TURO ak Event Space, elatriye. 

PWOGRAM “YES YES YES FAMILY” a demare ak tout vitès! Objektif nou pou lane 2021 an, se pèmèt X00000 moun konnen plis teknik k ap pèmèt yo fè plis lajan. Nan jan fanmi sa a òganize a, se sèten n ap genyen plis pase X0X00 antreprenè ki pral pran nesans ak X000 biznis ki pral monte oubyen ki pral ranfòse.  

Kesyon pa m pou ou se : “Èske w ap youn nan moun sa yo? Èske w ap sezi opòtinite sa a oubyen w ap kite l pase?” 


Mwen se Athis Djeffson. Mwen fèt Ayiti nan yon zòn ki rele Fond Des Nègres. Mwen te grandi wè manman k ap travay di, bourike, pran swen mwen ak sè m yo san papa, nan ti komès pèpè li. 

Nan sousi pou li anseye m travay di, li te sispann ban m lajan pòch jou anivèsè 16 lane mwen. Se konsa, mwen te komanse vann Krèm Ti Kawòl nan lari Fond Des Nègres. Eksperyans sa te montre mwen pi gwo leson sou lavi : “Opinyon Moun Pa Konte, Konpleks Pa Bay, Mache Chèche Pa Domi San Soupe”. Prensip sa yo, se yo menm m ap itilize jouk jounen Jodia, ki pèmèt mwen bati plizyè gwo konkennchen Konpanyi: Athis Enterprises ki fè patenarya ak gwo Konpanyi tankou Verizon, e ki te rapòte plis pase 2.1 Milyon Dola nan yon lane, Longbido: Yon pwodwi pèfòmans seksyèl ki vann plis pase 1 Milyon Dola nan mwens pase 8 mwa! 

Men malgre siksè mwen, sa mwen pi fyè de li jodia, se Mouvman Yes Yes Yes Nou Kapab mwen mete sou pye, kote mwen ede pakèt frè ak Sè Ayisyen parèy mwen, bati Biznis sou entènèt la, pou yo ka reklame Libète Finansyè yo menm jan ak mwen.

Pwogram Yes Yes Yes Family se yon nouvo zèl anplis pou pèmèt kominote Ayisyèn nan pran bon Elan nan zafè fè lajan epi rive chanje fason lòt nansyon wè yo kòm Ayisyen. 
Mwen rele Jean Robenson "Roby" Celestin. Mwen fèt Ayiti ,mwen fè etid klasik mwen Lise Tousen epi etid inivèsitè mwen CEDI kote mwen diplome nan "Marketing ak Relations Publiques". Mwen genyen 34 lane mwen marye e mwen genyen 2 timoun. Map viv New York, Etazini depi nan lane 2012.

Depi lontan mwen te toujou enterese ak antreprenarya e mwen depanse anpil resous, tan ak lajan pou m devlope yon lespri antreprenè ki solid paske m te toujou kwè vi alèz mwen reve a se nan fè biznis m ap ka ofri tèt mwen li. 

Jounen jodi a , mwen se yon pwofesyonèl antreprenè, yon "life coach", yon envèstisè epi yon ekspè nan komès anliy. Mwen se pwoprietè, Direktè Jeneral ( CEO) "Celestin Entreprises" Mwen se Direktè Jeneral (CEO) epi kofondatè "Longbido", yon konpayi ki espesyalize nan andirans seksyèl, mwen se Direktè Jeneral Operasyon ( COO) konpayi "Nèg Tikarola LLC ", mwen tou se kopropriyetè "Palm Hair Care", yon konpayi ki fè gam pou cheve ki ap vann an liy epi nan tout Makèt an Ayiti. 

Mwen resevwa 2 plak deja ki sètifye mwen fè pou pi piti yon milyon dola ak yon biznis an liy.  

Fè siksè ansanm te toujou yonn nan bagay ki motive m pou m ede lòt frèm ak sèm nan kominote Ayisyèn nan paske gwo fòs la se nan konbit li ye. Se sèlman lè n deside mete tèt ansanm pou n kreye richès n ap rive jwenn libète lajan n ap chèche toutbon an kòm Ayisyen.

Pwogram Yes Yes Yes Family se yon nouvo zèl anplis pou pèmèt kominote Ayisyèn nan pran bon Elan nan zafè fè lajan epi rive chanje fason lòt nansyon wè yo kòm Ayisyen. 

KOKENN CHENN MONTAY NOU PRAL KASE ANSANM
ANDAN PWOGRAM YES YES YES FAMILY AN

  • Tout sa w dwe konnen pou kòmanse yon biznis sou entènèt la
  • Kijan pou jwenn bon jan "NICHE" pwodui pou Biznis Anliy ou an 
  • Kòman pou kreye yon "store" anliy solid epi konpetitif
  • ​Sekrè piblisite Facebook, Google, ak Youtube
  • ​Sekrè sou kijan pou fè biznis anliy ou an fè anpil lajan
  • ​Kòman pou jere Maketing Ak Enfliyansè epi sou Imèl

YES YES YES FAMILY BONUS

  • Sekrè pou w jwenn 12 credit cards ak selman 4 inquiries 
  • ​​Sekrè pouw jwenn 250 000 dola kredi personel 
  • Kijan ou ka clean yon credit report nan 14-60 jou selman
  • Kijan ou ka ranje epi bati yon credit report fel rive a 800+ 
  • Kijan ou ka kreye epi jere pwop biznis kredi pa w
  • ​Kijan ou ka jwenn 250000 dola biznis funding san enterè pandan 12 a 18 mwa 
  • ​Kijan pouw  retire tout koleksyon, late payments nan yon credit report
  • ​Kijan pou w ou jwenn biznis kredi san li pa repòte nan credit ou 
  • Ki sa ki biznis tradeline lan 
  • ​​Ki credit card ki pi bon pou ou fè tradeline business 
  • ​Kijan ou ka pwoteje tet ou kont fwod le wap fe tradeline  
  • Kijanw ka bati yon bisniz tradeline ki ka baw 200 mil dola pa ane 
  • ​Kijan pouw prezante w epi jwenn kliyan pouw ka opere biznis tradeline la
  •  Kijan pou fè piblisite Facebook ak Youtube
  • ​Kijan pou kreye valè ak pwodui w yo sou rezo sosyal
  • Kijan w ka itilize istwa w pou kreye lyen emosyonèl ak piblik sib ou 
  • Kijan pou Kreye yon Channel Youtube Otantik 
  • ​Kijan pou itilize Instagram Facebook ak Tiktòk pou vann
  • ​Kijan pou itilize mak pèsonel ou pou bouste repitasyon Biznis ou
  • ​Zouti w ka itilize pou kont ou pou jere paj rezo sosyal Biznis ou
  • ​Zouti w ka itilize pou kont ou pou fè dizay pou byen prezante imaj Biznis ou
  •  Kijan pou itilize nouvo zouti rezo sosyal yo (Live, story, reels) pou fè anpil lajan
  • Kijan pou devlope yon mak pèsonèl k ap pèmèt ou fè lajan
  • ​​Kòman w ka itilize imaj ou pou atire kliyan epi mete yo an konfyans
  • ​Kijan w ka kreye yon repitasyon ak non w 
  • ​Kijan pou defini misyon pèsonèl ou epi jwenn yon "purpose" ki ka fè anpil moun swiv ou
  • Kijan pou devlope yon idantite inik pou tèt ou ki ap make lespri moun
  • ​Kijan pou defini yon mesaj mak pèsonèl k ap enspire lòt moun enterese ak sa w ap fè
  • ​Kijan pou devlope estrateji mak k ap pèmèt ou vin tounen yo yon enfliyansè
  • ​Kijan pou mete devan kalite w ak fòs ou pou atire plis moun

W AP GEN AKSÈ TOU AK LÒT BONIS SA YO :

Ranje Kredi w
Ebook

Sistèm Plugin Pou vann Ebook 

Coaching Calls
chak semèn

Plis anpil lòt 
avantaj ankò

W AP GEN AKSÈ TOU AK BONIS SA YO :

Ranje Kredi w
Ebook

Sistèm Plugin Pou vann Ebook 

Coaching Calls
chak semèn

Plis anpil lòt 
avantaj ankò

OU VLE PLIS GARANTI ? MEN TEMWANYAJ KÈK ANTREPRENÈ
NOU TRAVAY AK YO DEJA NAN FANMI YES YES YES LA

Si w

YES YES YES GARANTI 100%

Depi w ka bay prèv apre 6 mwa oubyen yon lane w ap travay ou fè tout sa nou mande w yo e aplike tout sa ki nan pwogram YES YES YES FAMILY an nan biznis ou malgre sa ou pa fè lajan, n ap remèt ou tout kòb ou te enskri pou rantre nan FANMI lan epi n ap fè w kado $1000 Anplis. 

Athis Enterprise © 2021 - All Right Reserved